Dosye Sam Yoon
Premye fwa yo te chwazi Sam Yoon kòm konseye jeneral nan Konsèy Kominal Boston an, se te an 2005. Yo te chwazi l ankò kòm konseye pou tout vil la an 2007. Nan 3 lane sèlman, Sam tabli yon kokennchenn dosye reyalizasyon pou katye nan Boston yo.
Sekirite Piblik ak Prevansyon Krim
- Sam te pwopoze pwogram “Nickel for Public Safety” a – ki te yon ti ogmantasyon nan taks sou lavant yo – ki ta rapòte vil la $35 milyon pou anpeche krim ak vyolans nan ri nou yo. Lajan sa a ta dwe sèvi sèlman pou sèvis prevansyon, lapolis, ak lajistis. Kòm konseye, Sam te defann ak goumen pou pwogram sa a paske li konnen vil la gen kòm reponsabilite pou l bay sekirite nan lari yo.
- Sam òganize yon odisyon pou etidye metòd lapolis ki konn sèvi nan vil la. Malgre rezistans Lakomin lan, Sam fè efò pou piblik la konnen pwogram lan – konbyen li koute, avantaj li sou kesyon lajan taks moun peye yo, pri sèvis dlo ak elektrisite pou rezidan yo, epi sekirite nan lari nou yo.
- Sam byen konprann vyolans se yon pwoblèm nan kesyon sekirite piblik ak sante piblik. Kòm li konnen vil la pa pare pou ede moun apre kriminèl fè yon viktim nan fanmi yo, li travay pou fè vil la tabli yon pwotokòl pou moun ki twomatize, tousuit apre epi pandan plizyè jou apre yo touye yon moun nan fanmi yo. Sam byen konnen moman ki vini apre yo touye yon moun, se lè sa a dwe gen pwofesyonèl ki fòme pou sa, ki asiste fanmi an. Kòm lapolis ak sèvis prevansyon yo dwe travay men nan men ak lapolis pou mete plis sekirite nan vil nou an, Sam toujou rele jenn moun nan Boston vin chita pale, pou l koute sa ki ba yo pwoblèm.
- Sam pwopoze lwa pou ranfòse sanksyon kont moun ki pa fè rapò, lè gen yon zamafe ki pèdi oswa yo vòlè.
- Sam kanpe pou ponpye nou yo, ak pou sekirite rezidan Boston yo, apre te gen ekipman ki pa mache byen nan Sèvis Ponpye a. Se li ki òganize reyinyon kote yo dekouvri administrasyon ki la kounye a pa t gen okenn plan antretyen prevantif pou vehikil ijans yo – sèl sa yo fè se ranje yo lè yo pran pàn. Se yon bagay ki pa aseptab pou Sam ni pou Boston.
- Sam travay ak kòlèg li yo pou fè kominote a konprann pi byen kouman pou yo sèvi ak nimewo telefòn espesyal pou fè rapò lè gen vyolans k ap rive nan yon fèt, oubyen lè moun k ap banboche ap fè twòp bwi nan yon katye. Sam byen konnen gen anpil moun nan katye ki gen vyolans yo, ki pa gen koneksyon ak administrasyon vil la, kidonk li travay pou fè rezidan sa yo konnen kouman pou yo fè rapò lè gen fèt k ap kontinye twò ta nan nuit.
- Sam byen konprann memoryal nan lari yo, se sentonm yon pwoblèm tout bon – sa ki vle di gen jenn moun k ap mouri nan lari nou yo. Li òganize yon chita pale ak plizyè gwoup moun, pou gade kouman pou yo rezoud kesyon emosyonèl ki an rapò ak memoryal nan lari yo. Kòm gen diferan jan moun wè kesyon sa a – epi kòm vyolans lan se yon pwoblèm pou nou tout – Sam òganize yon chita pale ant jenn moun, otorite nan legliz yo, otorite nan kominote a, komèsan, ak lapolis pou tabli yon pwotokòl tout moun ta kapab asepte nan katye a sou kesyon emosyonèl sa a.
- Inisyativ Sam lan pèmèt ajan sekirite yo pa pèdi travay yo, nan lojman piblik pou granmoun ak moun andikape yo. Sam goumen kont aksyon Boston Housing Authority te vle pran pou retire ajan sekirite epi mete kamera nan plas yo, paske Sam kwè granmoun yo gen dwa santi yo gen pwoteksyon lakay yo.
Gouvènman Pòt Louvri, Transparans, ak Responsabilite
- Depi anvan yo te chwazi l nan eleksyon kòm Konseye Vil Boston an, Sam te toujou mande pou Boston gen yon sistèm 311. Youn nan aksyon Sam te pran kòm Konseye, se mennen kòlèg li yo nan Somerville City Hall pou fè yo wè ak je yo kouman 311 ak CitiStat pèmèt gwo pwogrè, nan travay administrasyon vil la kapab fè pou popilasyon an. Sam òganize plizyè odisyon pou bay esplikasyon avèk chèf depatman yo ak ekip teknoloji Majistra Kominal la, pou pote amelyorasyon nan jan vil la sèvi ak teknoliji nan sèvis l ap fè, ak nan ekonomize lajan moun peye pou taks.
- Sam òganize dis reyinyon katye pou esplike rezidan yo kouman yo fè bidjè vil la, ak pou pèmèt yo di priyorite yo nan depans vil la ap fè. Pou kontinye fè moun konprann travay administrasyon an, Sam devlope ak sipèvize yon sondaj sou Entènèt pou bay enfòmasyon sou priyorite nan bidjè a. Gen plizyè milye moun ki patisipe nan Boston.
Sam goumen pou fè yo afiche an piblik tout ajanda, minit, ak rapò, epi lis manm ki patisipe nan diferan konsèy ak komisyon ki travay pou vil la. Plis yon administrasyon gen transparans, se plis sa bon. Konsèy la adopte rezolisyon Sam lan. - Sam te devan nan batay pou Konsèy la adopte Bidjè Baze sou Rannman [Performance Based Budgeting], ki se metòd yo sèvi nan pifò nan gwo vil yo, epi ki pèmèt konprann ak amelyore bidjè $2,4 milyon dola vil nou an. Li byen konnen se gwosè rannman tout bon yo, ki dwe gouvènen desizyon k ap pran sou jan nou depanse dola moun peye nan taks yo. Èske n ap fè bon jan pwogrè nan rannman yo? Èske lari nou yo pi pwòp? Èske n ap rezoud pwoblèm kriminèl k ap touye moun? Sam kwè desizyon sa yo dwe pran dapre rannman, pa sèlman dapre konsiderasyon politik.
- Fon pou Responsabilite apre Retrèt yo [Post-Retirement Liability Funds], ansanm ak aksyon Sam yo fè leta rive adopte estanda nan nivo Eta a sou kesyon enpòtan sa a.
Pou ede adminstrasyon vil la fè pi bon travay nan bouche twou nan lari, ak nan netwaye lari, ak mete poubèl pou fatra, Sam fè yon odisyon pou esplike konklizyon oditè endepandan sou Depatman Travopiblik la. Li veye tou kisa administrasyon an ap reponn sou deklarasyon odit la. - Nan eskandal piblik ki an rapò ak koken nan lajan pansyon, epi ak yon gwo lis pwoblèm k ap manje nan lajan moun peye pou taks, Sam fè yon odisyon sou Konsèy pou Retrèt Boston an. Sam te kwè li pa aseptab pou konsèy sou retrèt la kontinye travay san li pa gen pou l rann kont bay pèsonn.
- Sam pwopoze pou tout minit Konsèy Vil Boston an ekri nan lang ki senp, epi pou yo afiche yo sou Entènèt. Li depoze yon òdonans tou pou anile lwa 1947 ki defann pibliye diskisyon ki fèt nan konsèy kominal la.
- Sam pwopoze sèvi ak teknoloji modèn – tankou mesaj elektwonik ak mesaj tèks – pou bay popilasyon an enfòmasyon sou ijans lè lanèj tonbe, netwayaj lari, ak lòt sèvis administrasyon vil la fè. Administrasyon vil la adopte moso nan sa Sam te pwopoze a. Si l genyen nan eleksyon pou Majistra Kominal la, Sam pral fè aplike tout pwogram sa a, ki senp, men ki efikas.
- Sam toujou goumen pou egalite nan jwenn bilten pou vote. Li toujou devan nan efò ki fèt pou mande leta respekte tout dwa moun genyen nan vote, ak pou mete bilten ki ekri nan 2 lang pou kominote azyatik ki nan Boston an.
- Travay Sam fè administrasyon vil la asepte pou l bloke tout plan pou adopsyon machin elektwonik pou vote. Li di yo pa kite okenn prèv sou papye, epi pa gen anyen ki montre moun ka fè yo konfyans.
- Sam bay lòd etidye metòd administrasyon vil la sèvi pou veyikil ak pou gaz, ak pou etidye metòd odit sou salè yo.
Lojman ak Devlopman Ekonomik
- Se Sam ki te premye moun ki òganize yon odisyon piblik sou kay moun y ap sezi nan vil la paske yo pa ka peye. Li pwopoze pou sektè piblik ak sektè prive a travay kòm patnè ak bank yo, pou pèmèt moun jwenn kay yo kapab peye; kounye a, gouvènman an ap aplike sa li te pwopoze a.
- Pa gen okenn mwayen fasil pou rezidan yo wè ki konpayi k ap resevwa rediksyon taks nan vil la. Sam ap goumen pou fè moun jwenn mwayen sa yo. Menm si li kwè biznis k ap mete travay pou rezidan nou yo dwe kalifye pou rediksyon taks, li enpòtan pou piblik la konnen kisa rediksyon yo ye – epi pou administrasyon vil la kapab verifye pwogrè ak aksyon biznis sa yo nan vil la.
- Sam pale aklè sou bezwen pou yo senplifye ak depolitize pwosedi pou bay pèmi nan vil la. Sam kwè yo dwe reyòganize pwosedi sa yo, pou sèvi rezidan yo ak biznis yo pi byen. Sa pral youn nan priyorite li yo, lè li Majistra.
- Pou pèmèt moun ki gen anpil laj yo fè ekonomi, Sam pwopoze yon chanjman nan tarif pou retade taks la, pou soulaje moun yo nan taks sou pwopriyete yo; chanjman an te adopote. Apre li pwopoze chanjman an, Majistra Kominal la pran sèlman kèk jou pou adopte l.
- Sam òganize reyinyon ant pwomotè ak aktivis nan zafè lojman yo, pou etidye solisyon nan zafè lojman pou moun ki pi pòv nan vil la, epi li pwopoze pou yo sèvi ak medyatè ki resevwa fòmasyon nan rezoud dezakò ant mèt apatman ak lokatè yo.
- Sam goumen pou pwomotè yo respekte prensip – kidonk pa sèlman pawòl – ki nan lwa sou Règleman pou Devlopman Enklizif yo [Inclusionary Development Policy]. Règleman an, ki se youn nan zouti administrasyon vil la ka sèvi pou fè ede moun jwenn lojman ki pa chè, te gen feblès ladan ki pa aseptab. Apre odisyon Sam te òganize a, gen chanjman kòrèk ki te fèt.
- Sam goumen pou sove plizyè dizèn milye inite lojman ki pa chè nan Boston, men ki te pèmèt pwopriyetè yo soti nan pwogram ki resevwa sibvansyon leta yo. Li travay, pou yon bilding apre lòt, avèk aktivis nan zafè lojman pou mete presyon sou lejislatè nan Eta a pou rezoud pwoblèm sa a.
- Sam òganize yon odisyon piblik sou lavant garaj Winthrop Square, ki se pwopriyete vil la, pou ede moun k ap peye taks nan vil la. Travay li pèmèt veye pou lajan lavant garaj la sèvi pou ede moun jwenn kay bon mache nan vil la.
- Sam ede anpil rezidan ki te gen gwo pwoblèm nan jwenn asistans pou chofaj lakay yo, pandan sezon ivè a. Li travay ni avèk gouvènman Eta a, ni avèk gouvènman federal pou ede moun ki pi pòv nan vil nou an peye pou chofaj lakay yo.
Edikasyon, Lekòl, ak Jenn Moun
- Sam deja goumen – epi li pral kontinye goumen – pou gen bon jan lekòl nan chak katye nan Boston. Papa ak manman timoun yo gen dwa chwazi yon bon lekòl pou pitit yo ale.
- Sam pran devan nan konpresyon yo te kapab fè nan bidjè lekòl Boston yo. Lè li wè yo pral koupe anpil nan bidjè a, Sam koumanse pale ak paran, pwofesè, epi elèv yo pou tande sa yo vle nan yon sikonstans ki gen konsekans klè pou nou tout.
- Sam goumen pou fè administrasyon vil la retabli Komisyon pou Aktivite Jenn Moun lan. Komisyon sa a, ki te fonde lè Ray Flynn te Majistra, rekonèt jan popilasyon jenn moun te ogmante nan Boston. Sam kwè si administrasyon vil la fè manm kabinè l yo chita pale regilyèman ak òganizasyon ki sèvi jenn moun pou evalye depans ki fèt nan depatman yo, administrasyon vil la pral kapab pran desizyon byen bonè, ki pa manke anyen, sou tout kalite pwoblèm jenn moun konn genyen jodi a.
- Sam te youn nan fondatè lwa ki retabli kourikoulòm sivik nan Lekòl Piblik Boston yo.
- Sam te mande amelyorasyon nan sèvis ki bay konsèy sou sante mantal ak pou moun ki twomatize nan Lekòl Piblik Boston yo. Sam kwè lekòl se yon kote gouvènman kapab fè yon gwo diferans epi pote sipo dirèk bay fanmi yo. Kòm ansyen pwofesè lekòl ak papa pitit, li gen eksperyans ki pèmèt li konprann enpòtans edikasyon ak lekòl nan sante yon kominote anjeneral.
- Sam mennen lit ki pèmèt retabli finansman pou TAG la (Talented & Gifted Latinos). Sam goumen, epi li jwenn rezilta pou TAG paske se yon pwogram ki te bay rannman, nan anpeche elèv kite lekòl, epi nan pèmèt elèv ki gen pwoblèm yo travay pi byen nan lekòl yo.









