Fè Konesans ak Sam
Gen anpil nan nou ki konnen Sam nan travay li fè kòm Konseye Lakomin nan Boston. Lè yo te chwazi l pou sèvi nan yon fonksyon jeneral, sa te pèmèt li reprezante tout vil la pandan prèske 2 manda. Men gen plis bagay toujou Sam Yoon fè. Li se yon ansyen pwofesè nan lekòl piblik, yon òganizatè kominotè, ak yon pwomotè lojman ki pa chè, epi li gen yon gwo diplòm nan Administrasyon Piblik, li resevwa nan Kennedy School of Government nan inivèsite Harvard. Madanm li rele Tina, epi yo gen pitit ki rele Nathan ak Naomi. Li se youn nan Ansyen nan legliz li, epi youn nan moun ki te fonde legliz la.
Sam toujou sonje sakrifis pèsonèl papa ak manman l te fè pou li, ak pou frè avèk sè li yo. Menm jan ak plizyè imigran Ilandè, Italyen, Panyòl, ak Azyatik ki te vini anvan yo, papa ak manman Sam te vini nan Etazini poutèt opòtinite peyi nou an ofri. Lè yo te kite Kore, ki peyi yo, Sam te gen 10 an sèlman, men yo te vle menm bagay tout papa ak manman vle pou pitit yo – yon bon edikasyon.
Apre li te diplome nan lekòl segondè, yo te asepte Sam nan Inivèsite Princeton. Pandan li te la, li pran yon lane konje pou patisipe nan yon pwogram fòmasyon pou pwofesè, pou l te kapab vini yon asistan pwofesè nan lekòl piblik. Apre li diplome, Sam Yoon chwazi pou l pa pran menm chimen ak lòt etidyan nan pwomosyon l yo. Li ta kapab chwazi yon plas ki peye gwo lajan yo konn ofri diplome Ivy League yo, men Sam te pito pran yon travay pwofesè nan yon lekòl difisil, anndan lavil. Kidonk, menm jan ak pwofesè lekòl anpil kote nan Boston, Sam fè yon efò anplis pou elèv li yo – li jwenn yon enterè pèsonèl nan elèv yo, epi li depanse lajan nan pòch li pou achte founiti pou yo.
Lè Sam te sispann travay kòm pwofesè, li te byen konprann gen chanjman fondamantal ki bezwen fèt nan sistèm lekòl nou an. Se pou sa li ale etidye nan Kennedy School of Government nan Harvard la. Nan Kennedy School, anplis etid li fè sou refòm nan edikasyon yo, li te enterese tou nan devlopman ekonomik ak nan kesyon sou lojman ki pa chè. Pandan li te etidyan nan twazyèm nivo inivèsite a, li travay avèk Roxbury’s Dudley Square Merchant’s Association, kote li te ede yo jwenn deziyasyon federal nan Main Street.
Sam pase 10 lane ki vini apre yo nan sèvis Boston, kòm si pou l peye pou avantaj li te jwenn; kidonk li te travay nan ti òganizasyon kominotè ki pa chache fè benefis. Premye travay Sam te pran, se nan yon gwoup ki ede moun ki gen pwoblèm mantal, ak granmoun pòv, jwenn yon kote pou yo rete. Apre sa, Sam ale travay nan Community Builders, ki se pi gwo pwomotè nan peyi a pou lojman ki pa chè. Epi nan pi ta, li travay nan ABT Associates – ki se yon gwoup refleksyon nan administrasyon piblik, kote li te aprann, san rete, kouman nouvo solisyon yo kapab ede rezoud pwoblèm.
Apre sa, Sam ale sèvi kòm direktè nan Asian Community Development Corporation. Se la li koumanse antre nan gwo travay òganizasyon kominotè, tout bon. Pandan lane li pase ap travay nan òganizasyon kominotè yo, Sam aprann plizyè leson – kote leson pi enpòtan an, se konprann ou pa kapab rezoud pwoblèm nan fè travay sou papye ak chita nan reyinyon sèlman – kidonk ou oblije travay di nan òganize, nan fè moun nan kominote a kole tèt ansanm ak ofisyèl yo chwazi yo, epi ak moun ki gen pouvwa yo pou rive jwenn rezilta.
Pandan tout lane li travay nan òganizasyon ki pa chache fè benefis yo, Sam aprann moun ki sèvi nan politik kapab fè yon gwo diferans nan lavi sitwayen yo; sa ki pi enpòtan an, li aprann pa gen anpil moun ki gen konesans ak eksperyans tankou li ki prezante devan elektè yo pou sèvi piblik la.
Se pou rezon sa yo, an 2005, Sam deside sèvi ak konpetans li genyen nan kominikasyon ak nan travay kominotè, pou prezante tèt li kòm kandida pou Konseye Jeneral nan Vil Boston.
Gwo chabrak yo, ansanm ak politisyen òdinè yo pa te bay Sam okenn chans pou l genyen eleksyon an: anfas li, te genyen ansyen politisyen ki chita deja, tankou pitit 2 ansyen majistra kominal, ak pitit yon Sekretè Deta. Li pa te fè zanmitay ak gwo zouzoun nan politik yo, kidonk li pa te “ranje kabann” li pou l pase nan eleksyon. Sèlman, elektè Boston yo te gen lòt lide nan tèt yo. Mesaj li te pote pou sèvi kominote a, ak pou bay bon jan gouvènans te fè elektè Boston yo plezi, sa ki pèmèt li genyen youn nan plas konseye jeneral lakomin yo, menm si advèsè yo te depanse plis lajan nan eleksyon an. Apre 2 lane pase, li genyen eleksyon an ankò.
Kòm Konseye jeneral nan Vil Boston an, Sam fè sa li te toujou konn fè – travay pou mete kominote yo ansanm pou chanjman pozitif. Sam te toujou defann prensip pou sosyete sivil la patisipe pi byen nan gouvènman minisipal la. Premye aksyon li pran, se fè Biwo Lakomin lan travay pi pre ak moun l ap sèvi yo. Kòm li te rive wè anpil moun pa konprann kouman yo tabli bidjè pou vil Boston an, li òganize reyinyon nan chak katye Boston pou esplike bidjè a – ak pou mande moun ki gen yon enterè dirèk yo kisa ki nan lide yo. Apre sa, li koumanse fè yon seri sondaj nan kourye elektwonik anvan chak odisyon pou bidjè, pou pèmèt piblik la fè l konnen kisa yo vle. Li travay anpil tou, pou rekanpe Komisyon Lajenès Boston an, kidonk li òganize plizyè santèn jenn moun nan Boston pou fè yo asiste yon odisyon sou bidjè nan biwo lakomin lan.
Malgre limit li te genyen kòm konseye kominal nan yon fòm gouvènman kote se Majistra Kominal la ki konte pi plis, Sam deja poze mak li nan Boston pandan 3 lane sèlman. Si w gade travay Sam fè, nan ede granmoun jwenn soulajman nan taks sou pwopriyete yo, nan pèmèt ajan sekirite nan lojman piblik kenbe travay yo, nan fonde nouvo pwogram pou anpeche krim tankou “Nickel for Public Safety”, ak nan ankouraje jenn moun patisipe nan aktivite vil ak gouvènman yo, ou ka wè pou kisa dosye Sam kòm konseye pèmèt li parèt tankou yon nouvo kalite lidè nan Boston.
Kounye a, Sam Yoon prezante tèt li kòm kandida pou Majistra Kominal, pou reyalize chanjman Boston bezwen yo, ak pou ede vil la antre nan 21yèm syèk la. Li konnen nou pral oblije pote kole ak pwoblèm nou yo, epi li pare pou l pran chans, pou l pote inovasyon, ak pou l kreye nouvo aktivite.
Sam ap viv ak madanm li, Tina, epi ak pitit gason l Nathan, epi ak pitit fi l Naomi, nan katye ki rele Field’s Corner la nan Dorchester.









