Lojman ak Devlopman Ekonomik
Boston se yon vil kote lavi chè, epi kote gen plis moun ki bezwen lojman pase kantite lojman ki genyen. Lè Sam te prezidan Komite sou Lojman an [Housing Committee], li te mennem lit pou veye pou tout moun kapab viv ak eleve pitit yo nan Boston, kèlkeswa kantite lajan ou genyen.
Sam se premye konseye kominal ki te pale sou kesyon kay moun y a sezi yo. Apre Sam pran inisyativ sa a, administrasyon vil la adopte pwopozisyon li an, pou sektè piblik la ak sektè prive a fè patnè avèk labank yo, pou mete lojman ki pa chè.
Travay Sam te fè pou chanje tarif pou retade taks la te pèmèt granmoun yo fè ekonomi sou taks. Li pale aklè sou bezwen ki te genyen pou senplifye ak depolitize pwosedi pou bay pèmi nan vil la, epi li rekonèt yo te bezwen reyòganize pwosedi a pou ede biznis ak rezidan yo.
Sam travay ak gouvènman Eta a epi gouvènman federal la pou veye pou rezidan pòv yo jwenn asistans pou depans chofaj pandan sezon ivè a.
Nan volonte Sam pou veye pou lajan moun peye pou taks yo depanse byen, li te fè analize kouman administrasyon vil la sèvi avèk veyikil epi avèk gaz, ak etidye metòd odit sou salè nan vil la.
Sam òganize ak sipèvize reyinyon avèk pwomotè yo ak aktivis nan kesyon lojman, pou mete lojman ki pa chè, ak sèvis medyatè ki resevwa fòmasyon pou ede rezoud dezakò ant pwopriyetè ak lokatè.
Avèk kantite eksperyans li genyen nan devlopman lojman ki pa chè, Sam konnen se si nou travay ansanm sèlman, nou pral kapab rive rezoud pwoblèm ekonomik ki anfas nou yo. Se poutèt sa nou vle tande sa w gen pou di.









